Aksede a enfòmasyon sou kont endividyèl ou, tankou balans, pèman, dosye fiskal, ak plis ankò.

Konekte sou Kont Anliy ou (an anglè)

Si ou se yon nouvo itilizatè, prepare foto idantite w. W ap jwenn plis enfòmasyon sou verifikasyon idantite disponib sou paj koneksyon an.

Aksè Dosye Enpo

  • Gade done kle ki soti nan dènye deklarasyon enpo w te ranpli, ki gen ladan revni brit ajiste w, epi jwenn aksè nan relve fiskal yo
  • Gade kopi dijital sèten avi ki soti nan IRS
  • Gade enfòmasyon sou Peman Enpak Ekonomik ou yo
  • Gade enfòmasyon sou peman ann avans sou Kredi Enpo pou Timoun

Fè epi Gade Pèman yo

  • Fè yon pèman apati kont labank ou oswa kat debi oswa kat kredi
  • Gade istorik 5 lane pèman, ansanm ak pèman enpo estime ou yo
  • Pwograme epi anile peman nan lavni
  • Gade pèman ki ankou ak sa ki pwograme pou fèt yo

Gade oswa Kreye Plan Pèman

  • Aprann sou opsyon plan pèman yo epi aplike pou yon nouvo plan pèman
  • Gade detay plan pèman w lan si ou gen youn

Gade Balans Ou

  • Gade montan ou dwe ak repatisyon pa ane fiskal

Jere Preferans Kominikasyon yo

  • Evite papye pou yon seri avi
  • Jwenn mesaj imèl pou nouvo avi yo

Gade Otorizasyon Pwofesyonèl Taks yo

  • Gade tout demann otorizasyon pwofesyonèl taks yo
  • Apwouve epi siyen Delegasyon Pouvwa ak Otorizasyon pou Enfòmasyon sou Taks pwofesyonèl taks ou a ak siyati elektwonik.

Aksesiblite

Gen pwoblèm konpatiblite avèk teknoloji pou asistans yo. Ale nan gid aksesiblite (an anglè) a pou ou jwenn èd si w ap itilize yon lektè ekran, yon loup oswa yon lojisyèl a kòmann vokal.

Lòt fason pou w jwenn enfòmasyon sou kont ou

Ou bezwen Peye?

Gade opsyon pèman ou yo.
 

E Si Mw Pa Peye?

Nou ka antreprann yon seri aksyon pou koleksyone taks ou pa peye yo.

Pran plis ransèyman sou rekouvreman taks ak dwa legal ou genyen (an anglè)

Business tax account

If you file with an EIN as a sole proprietor, view your information on file with a business tax account.